Abone a enfolet lanMete pi bon imel adres ou a epi klike sou abone pou w pa rate kado, dil ak nouvel yo.
Eske sa pa rive w deja pou w mande tet tou poukisa dat sa a, 7 fevriye a, retounen souvan konsa na deba politik ayisyen yo?
Orijin istorik 7 fevriye
Pou n konprann kote sa soti fok nou remonte jouk nan diktati Duvalier yo. Dokte Francois Duvalier fe zel pou rejwenn zanset li yo nan lane 1971. Avan l ale l kite leta a pou pitit Jean Claude Duvalier.
Jean Claude Duvalier ki sanble te konprann afektasyon an jere leta a, ansanm ak ansyen madanm li Michele Bennett Duvalier, tankou yon ti biznis lafanmi, yon ti boutik: move jesyon finans bwat leta yo, move jesyon lajan leta a epi plis difikilte pou ayisyen viv, jiskaske pep la jou apre jou te fini pa pran konsyans e konprann leta a pa t pwopriyete fanmi ak zanmi Duvalier yo.
Tout sa yo, mete sou lot pwoblem nan diktati a, te finalman mennen a yon kokenn chenn pwotestasyon sou plizye jou nan tout peyi a, jiskaske nan dat 7 fevriye 1986, Jean-Claude Duvalier, ansyen madanm li Michele Bennett Duvalier ak pitit yo epi fanmi yo, pran avyon pou al rejwenn nan peyi etranje, pil lajan leta a yo te gentan voye al tann yo devan. Pou referans, ta sanble Jean-Claude Duvalier, ansyen madanm li Michele Bennett Duvalier, ak kek moun ki te konn aji kom ajan yo, pran anviwon 504 milyon dola nan trezo piblik ayisyen an ant 1971 ak 1986.
Apre eksperyans sa a, pep ayisyen te pran angajman pou mete barikad kont diktati epi eseye refe imaj Ayiti.
Yon pratik politik konstitisyonel enstitiye
Nou te telman pran sa pesonel nou te menm deside ekri l nan konstitisyon peyi an, nou te deside enstitiye pratik la, e rann li konstitisyonel, yon mannye pou ba li plis fos legal ak senbolik: “[…] Dire [manda prezidan an] komanse e ap fini 7 fevriye ki suiv dat eleksyon yo1“.
Bon, mesyedam ki pase apre 7 fevriye 1986 yo fe anviwon 5 ane ap grennen pwent. Men pandan tan sa a:
- Henri Namphy, “qui n’en fit rien”, te fe ti jere pouvwa a apati 7 fevriye 1986 sa a;
- Leslie François Manigat li men pran pouvwa a apati 7 fevriye 1988.
Sa pase konsa jiskaske nan dat 7 fevriye 1991 nou te finalman enstale premye Prezidan ayisyen ki pran pouvwa a gras ak yon eleksyon demokratik, atrave sifraj inivesel: Jean Bertrand Aristide.
E depi le a sa tou rete yon tradisyon politik:
- 7 fevriye 1996, nou enstale Rene Garcia Preval l kom Prezidan;
- 7 fevriye 2001, nou enstale Jean Bertrand Aristide kom Prezidan;
- 7 fevriye 2016 Evans Paul nan tet yon konsey fe ti kenbe pandan yon semenn anviwon, apre demisyon Joseph Michel Martelly;
- 7 fevriye 2017, nou enstale Jevenel Moise.
E sa ap rete konsa jiskaske ta gen yon modifikasyon.
Kisa w dwe raple w?
Pou fe pi sen: chak le w tande pale de 7 fevriye, ou ka selman raple w se yon dat ki make divos pep ayisyen ak diktati. E se yon dat nou kenbe kom yon dat espesyal pou nou enstale Prezidan ki pase nan eleksyon demokratik, sifraj inivesel direk, yon fason pou n renouvle angajman nou nan kenbe demokrasi vivan sou ti bout te papa Dessalines lan.
- Atik 134.1, Konstitisyon 1987. ↩︎