Ayisyen.net - Pwomosyon Ayiti ak Ayisyen!

Abone a enfolet lanMete pi bon imel adres ou a epi klike sou abone pou w pa rate kado, dil ak nouvel yo.

Fom abonman enfolet
Mesi paske w dako kondisyon itilizasyon yo.

0

Nou ka chanje imaj Ayiti sou entenet la

Abone a enfolet lanMete pi bon imel adres ou a epi klike sou abone pou w pa rate kado, dil ak nouvel yo.

Fom abonman enfolet
Mesi paske w dako kondisyon itilizasyon yo.

Ayiti ak ayisyen led anpil sou entenet lan. Malerezman anpil ayisyen kontribye nan ranfose move imaj ak reprezantasyon sa a. Men nou ka chanje imaj Ayiti. M ap eksplike w tousuit nan dokiman sa a. 

Yon eksperyans ki te ouvri je m 

Nan ane 2014, apre m fin prezante pwoje fen etid mwen nan inivesite leta a (ochan pou ou menm ki siviv a fenomen sa a) m te gen opotinite ateri nan lakou ewop pou pousuiv ak yon pwogram maste. 

Nan epok sa m debake lotbo an, fokis kou reyon laze, e selibate tankou yon zwazo solite, paske denye relasyon m te genyen nan epok lan te apenn fini. Yon ti tan apre m rann mwen kont gen yon ti gengenn ki enterese e ki te enterese m tou. San pedi tan n te komanse pale e devlope bon rapo, rapo etwa, rapo sere, rapo sere sere, bref, yon rapo dlo ak siman. 

Sa pa gade w pa vre? Se sa m te panse tou. Men kontinye suiv pito, w ap konpran. 

Sezisman se fwet 

Yon fwa, pandan nou ansanm (nou yonn t ap aprann konn lot), li mande m pale l plis de Ayiti. Rapid vit m baleye esklavaj, m vannen revolisyon k mennen a endepandans Ayiti a pou l ka byen konprann se te yon bel revolisyon san pay, menm jan ak Desalin, menm jan ave m tou. Ou konnen erezman nu gen 1804 nou ki anba bra n tout kote n pase. Tousuit li di m wow, “c’est merveilleux ça!”. Men ban m we kek foto ak videyo Ayiti. Avek menm fyete m te komanse a m pran yon odinate, m lanse m sou Google, m tape Ayiti epi m klike sou bouton pou rechech la. Sa m we m pa t ka pale: yon koloni foto ak videyo fatra, kochon k ap jwi lavi yo nan labou, salte, kadav moun ak kadav bet. Bref, yon dezas! 

Ensten sivi m fe m klike rapid pou m al sou dezyem paj rezilta yo, sa pesonn pa fe souvan. Konbyen fwa w sonje w te al sou dezyem paj rezilta rechech ou sou Google pa egzanp? Egzakteman! Men malerezman pou mwen m ateri sou menm kalite vye foto ak videyo yo pi red. 

Yon sel kou m fe eksperyans ak 5 segonn ki te pi long m te konnen nan lavi m. 5 segonn silans pandan nou toude ap fikse ekran odinate a. 

M pa konn kiyes nan nou k te pi sezi pase lot. Apre sa m te oblije fe yon kou pou li sou istwa mize Ayiti. A wi, istoryen yo ka bay opinyon yo sou sa men m panse, omwen rive jiska 2024, gen 2 istwa pou Ayisyen: 

  • Istwa kouraj ak rebelyon nou ki fini, domaj, ak lanmo Desalin; 
  • Epi istwa sanwont nou ki tou koman depi lanmo Desalin. 

Se sa k fe Desalin merite tit papa nasyon an, men sa se sije pou yon lot dokiman. 

Mwen te oblije eksplike gengenn lan gen nan nou k renmen peyi a, ki vle l pwogrese ak bon jan enstitisyon k ap fe travay yo, men gen nan nou malerezman k rayi estabilite, e ki rayi konpetans lot moun tou. Ya, gen nan nou ki prefere deziyon, tripotay ak sousou nan bwat y ap dirije yo pou yo ka fe afe pa yo. Se pa vre, chef? 

Sa te mennen m pran desizyon m

Kwe m si w vle, mwen pa t souvan sou entenet. Tan m te pase plis nan bibliyotek osnon nan atik pwofese inivesite te konn tou ban m pou m jis enprime pou fe travay akademik. Sa vle di m pa t janm yon gwo pratikan rechech tanzantan sou entenet la jiska 2014. Men apre eksperyans sa a, m te toujou gen nan tet mwen lide pou cheche konprann koman entenet lan fonksyone, kisa ki fe gen yon seri eleman ki paret nan rezilta rechech le m itilize mote rechech yo, e koman m ka enfliyanse rezilta rechech yo nan tout respe pou konsiderasyon etik yo pou fe se eleman m swete ki paret nan rezilta yo. 

Le m retounen Ayiti, mwen fe soti 2015 rive 2022 ap sige nan diplomasi peyi cheri m lan (men sa se yon lot sije anko pou yon lot dokiman), sa ki lakoz mwen pa t janm gen bon tan nesese pou apwofondi rechech mwen, jiskaske byen bone nan ane 2022, dirijan peyi m ki renmen m anpil e ki kwe nan kapasite m te deside ban m yon ti tan lib, ou konnen, pou m ka fe tout sa m te prevwa men m pa t janm ka jwenn tan pou m fe yo. Se pa vre, chef? 

Antouka an n avanse. 

B a ba, nan fey malanga entenet la 

Kisa ki entenet la? Ak nenpot bagay osnon moun w ap fonksyone, ou dwe konnen byen kisa osnon kiyes li ye pou w ka byen sevi ave l. Sa se yon leson m te dwe pran pi oserye lontan avan me 2022 pase a. Sa t ap gen chans anpeche m pwodui dokiman sa a nan yon pijama olye ves ak kravat. Pa mande m pou kisa m di sa, paske sa pa gade w. Sa k enpotan pou ou se konnen kisa entenet lan ye pou w konprann poukisa l fonksyone jan l fonksyone a, kisa w ka chanje nan sa e koman? 

Koze a senp kom bonjou 

Gen kek mo n dwe konnen avan n avanse. Paske n pral itilize yo anpil. Mo sa yo se: rezo, entenet, web, navigate, mote rechech, eksplorasyon, endeksasyon ak klasman. 

An n komanse ak rezo, entenet, web epi navigate. 

Raple w sa: yon rezo nan zafe teknoloji se yon aranjman ki pemet koneksyon ant plizye aparey osnon pati nan aparey, sa nou ka rele tou dispozitif. Pa egzanp ou pale de rezo telefonik Natcom osnon Digicel paske yo pemet koneksyon ant aparey telefonik pa w lan ak pa lot moun ou itilize l pou w kominike avek li a. Nou ka di tou yon rezo se yon gwoup dispozitif ki konekte yonn ak lot pou pemet kominikasyon ak echanj done. Dispozitif yo ka laptop, telefon, televizyon entelijan, elatriye, e koneksyon an ka fet gras ak kab osnon siyal wayeles. Depi w konprann sa nou ka pale de sa entenet lan ye e kote l soti. 

Lide pou kreye yon pwosedi ki pemet dispozitif enfomatik konekte yonn ak lot la te jemen ozanviwon fen ane 60 yo, pandan peryod ge fwad la, le Advanced Research Projects Agency ki gen ti non ARPA e ki esesyalize nan teknoloji milite te deside finanse yon rechech pou jwenn yon metod pou konekte diferan machin atrave kominikasyon dijital, san okenn limit jeyografik. Rechech sa yo ta pral akouche yon rezo anbriyone ki te itilize pou rezon akademik ak syantifik selman nan komansman. 

Pou rive nan komansman ane 80 yo rezo sa a t ap kontinye grandi, men nan menm moman an te gen lot rezo ki te kreye. Lot rezo yo pa t obseve menm metod fonksyonman. E se la a k te vin gen yon pwoblem enpotan: diferan rezo ki te la yo pa t ka konekte ant yo menm paske yo tout pa t ap itilize menm pwosedi osnon menm langaj. Pou rezoud pwoblem lan syantifik yo te deside kreye yon pwotokol osnon prosedi swadizan inivesel e inik ke tout rezo te dwe itilize pou pemet entekoneksyon ant yo tout. E se la tou mo entenet lan pran orijin li. Li soti nan mo konpoze “Inter-Network”, ki te mo yo te konn itilize avan pou pale de denye pwotokol ki te finalman pemet koneksyon ant plizye rezo yo a. “Inter” pou ant, “Network” pou rezo, men avek tan ki pase itilizate mo an yo te deside kenbe vesyon kout lan, “Internet”, ki mennen a entenet nan lang ayisyen. Pou n pi senplifye toujou, ou konn tande jan yo di w Letenel se Wa tout Wa yo a? Enben entenet lan se rezo tout rezo yo: yon gwo rezo osnon yon gwo gwoup dispozitif ki konekte yon paket lot gwoup dispozitif yonn ak lot. 

Konnya pou n avanse, si w gade entenet la kom rezo tout rezo jan m sot eksplike l la w ap konprann se te yon bel opotinite pou kreye yon paket sevis ki pa t egziste avan. Pa egzanp si m ka kreye yon ti pwogram ki itilize kapasite gwo gwoup dispozitif la pou m pemet ou ekri m yon let elektwonik, m ap kreye l kom yon sevis epi m ap rele l “email”. Enben sa se yon egzanp sa nou ka rele aplikasyon. 

Reflechi a aplikasyon nan konteks konesans nou genyen konsenan sa n ka fe a entenet lan e ke nou mete an aplikasyon, e ke nou aplike. 

Aplikasyon m sot site la a se pa sel aplikasyon n fe de sa entenet la ofri. Yonn nan pi bel aplikasyon osnon egzekisyon n fe se oganize teknoloji entenet la pou kreye sevis ki pemet nou cheche, twouve ak pataje done tout plim tout plimay. Sevis sa a nou rele l “World Wide Web”. Ti non gate l se web. Li pemet entekoneksyon ak akse a tout resous tankou teks, imaj, videyo, son ak tout lot kalite fichye ki disponib sou li gras ak yon seri lyen ki yo menm mennen n bay yon entefas ki gen resous web nou bezwen an aranje nan yon fason ki pemet ou ka konprann li. Entefas sa a rele paj web, e paj web lan li menm fe pati yon estrikti ki rele sit web. E si w raple w yon sit se yon anplasman nan yon espas w ap konprann yon sit web se yon anplasman sou web la, yon kwen pami tout lot kwen sou web la kote w kapab al chwe. 

M ap note pi fo fwa le n pale de entenet se de web nou vle pale. 

Pou w al chwe nenpot kote l ta ye a sou web la w ap bezwen yon mwayen k la pou sa: yon navigate. Kek egzanp navigate n konnen deja se Chrome, Safari, Firefox ak Edge ki ranplase Internet Explorer, pou ansyen moun tankou m ki te gentan konn itilize Internet Explorer yo. Gen plizye lot navigate anko tankou Opera, Arc, Brave, DuckDuckGo ak Tor, pou n site sa yo selman men se 4 sa m mansyone avan yo k pi popile. Chak le w bezwen navige sou web la se yo w itilize. Pa egzanp si paske w bezwen plis enfomasyon sou sa m ap fe nan kad pwoje Ayisyen.net mwen an ou lanse yon navigate, ou tape Ayisyen.net ladan epi w klike pou w lanse rechech la, gen anpil chanse pou w al chwe sou sit Ayisyen.net la kote w ap ka mete adres imel ou pou w tou abone a enfolet la konsa pou w pa janm rate anyen. 

Poukisa tout move nouvel sa yo kosenan Ayiti sou web la? 

Mwen sipoze se pa selman mwen ki t ap poze tet mwen kesyon sa a: pou kisa si m cheche non nenpot peyi nan karayib la (kom rejyon k plen peyi ki plis sanble avek nou) sou web la, m gen anpil chans we anpil bel foto, videyo, atik, elatriye, aloske si m cheche Ayiti m gen plis chans tonbe sou yon kolonn resous degoutan? Le m reflechi e cheche konprann mwen rann mwen kont gen 2 vole nan repons a kesyon sa a: 

  • Dabo, sa nou fe se li nou we. Menm si gen nan nou ki panse gen nan enfomasyon konsenan Ayiti ki sou web la li agrave osnon ki pa prezante nan konteks yo, nou pa vreman ka di yo envante, osnon yo tout se 100% manti. Pa egzanp si le w ap fe rechech ou ta tonbe sou pale nasyonal lan ki an dekonb eske se  tap manti? Ou dako ave m si l te rekonstui t ap gen nouvo foto l ki rekonstui sou web la? Eske si se sou foto ak lot enfomasyon konsenan gang ou tonbe plis w ap panse se manti? Si repons ou se non sa vle di nou we plis enfomasyon ki led konsenan Ayiti sou web lan paske sa fe kek tan n ap viv an mod “pito nou led nou la”. Kom konsekans, nou la tou led! 
  • Lot rezon ki lakoz nou led konsa sou web la se paske n pa gen pesonn ki deside monitore imaj ak repitasyon Ayiti ak ayisyen, espesyalman sou web la. 

Pou kontribye nan rezoud pwoblem move repitasyon Ayiti sou web la, nan mwa janvya 2024 pase an m lanse Ayisyen.net. Se yon pwoje ki la pou fe pwomosyon lang, kilti, istwa, peyizaj ak tout lot sa k fe vale Ayiti ak ayisyen. Mwen gen yon plan akyon konple pou sa, e yonn nan aksyon sa yo se ede w konprann koman w ka ou menm tou ede fe pwomosyon yon lot Ayiti sou web la. 

Kisa nou ka fe pou n chanje sa? 

Premye ak pi bel bagay ou ka komanse fe ou menm se sispann pibliye ak pataje foto, videyo, teks, oson nenpot tip done l ta ye a ki ta ka fe Ayiti ak ayisyen paret led. 

Ou raple w mwen t ap pale w de kek mo enpotan pou w pi byen konprann? Ebyen an n retounen sou res yo: mote rechech, eksplorasyon, endeksasyon ak klasman. 

M ta renmen w panse ak web lan kom yon gwo bibliyotek: yon kote yo achive yon paket dokiman tout kalite. Genyen kom responsab ki la pou byen ranje e bay akse a dokiman yo sa nou rele yon bibliyoteke, e bibliyoteke sa a ranje dokiman yo selon yon seri krite. Pa egzanp dokiman ki trete menm sije yo ka menm kote, sa moun konsilte pi souvan yo osnon ki pi enpotan yo ka pi sou men, elatriye. E bibliyoteke sa a telman ap fe travay ranje dokiman an lontan e byen li fininalman konnen dokiman yo byen tou. Li metrize yo nan yon pwen w ka panse l konnen ki enfomasyon ki nan ki paragraf, nan ki seksyon, nan ki chapit ak paj ki liv, paske depi w selman kesyone l sou yon sije, san pedi tan li ba w yon lis kote w ap ka jwenn enfomasyon k ap ede w. 

Apati la men kisa pou w di tet ou konnya: yon mote rechech la se tankou sa n rele bibliyoteke a. Eksplorasyon an li menm se aktivite kote bibliyoteke a, nan kad travay li aprann konn chak dokiman ak kisa ki ladan. Klasman an, toujou nan kad travay bibliyoteke a se aktivite kote li ranje dokiman yo selon krite li te gentan detemine depi avan yo pou pemet vizite ki vin nan bibliyotek la jwenn egzakteman sa l ap cheche yo san l pa pedi twop tan ap cheche, depi yo te gentan disponib. 

Pi gwo mote rechech web nan mond lan nan moman m pwodui dokiman sa a se Google. Se nenpot 91% moun ki ap cheche sou web lan ki itilize Google. Res lan se anviwon 3% pou Bing, selman 1% pou Yandex ak selman 1% pou Yahoo. Se sou yo n dwe fokis selon lod enpotans yo. 

An n sispann pibliye imaj degradan 

Yonn nan travay Google kom mote rechech se mache eksplore tout sa ki disponib sou web la, pou l ka byen konprann yo epi klase yo, yon fason pou w ka jwenn san twop grate tet, done w ap cheche le w itilize l. Pa egzanp li pase sou Facebook, X, sou Youtube, sou Instagram, TikTok, LinkedIn, Le Nouvelliste, Ayisyen.net, Davidcelestin.com, nenpot lot sit ou konnen men ke m pa site la. 

Le l pase sou yo, li idantifye si gen yon bagay nouvo, cheche koprann kisa l ye, kiyes li ka enterese epi klase yo nan yon lod nan baz done l pou apre l prezante yo bay, chak le gen itilizate ki cheche enfomasyon ki gen rapo ak sa l gentan gen nan baz done li. 

Mwen ekplike sa pou w ka konprann ke Google, menm jan ak lot mote rechech yo, pa fabrike enfomasyon l prezante w yo (eksepte enfomasyon ki konsene pwodui li menm li kreye yo). Le w we yon enfomasyon ki degradan sou Ayiti, pi souvan se yon ogan piblikasyon, yon medya, ki responsab. E nan menm lojik la, le w pibliye ak pataje foto ak videyo salte Ayiti sou Facebook, X, Youtube, Instagram, TikTok, LinkedIn ak lot, ou jis bay Google plis done degradan pou l prezante sou Ayiti ak ayiyen. 

Mwen konn tande moun di se paj yo yo pibliye sa yo vle sou li. Nan yon sans se pa manti paske depi w respekte tem ak kondisyon platfom ou pibliye sou li an ou ka pibliye nenpot sa lide w di w. Men mwen envite w obseve yon konpotman dijital responsab pito. Konprann ti desizyon ki sanble pa enpotan an gen enpotans pou web la, pou repitasyon pa w ak pou reprezantasyon nenpot sa l ta ye piblikasyon an konsene. 

Konsiderasyon sa m fe la a konsene tou jounal anliy, tout tip chanel ak paj ayisyen, kit se pou biznis, kit se pou enfliyanse: pa gen anyen w fe sou web la ki san enpotans. Mwen deside m p ap lonje dwet sou pesonn, men m panse nou kapab e n dwe sispann pibliye pa egzanp foto ak videyo kadav, salte ak nenpot sa l ta ye nou panse ki pa fe fyete Ayiti ak Ayisyen. 

Gen nan nou ki malerezman nan cheche viral pa gen pwoblem pou pibliye sa n panse k ap fe sansasyon menm si l nui one nou. Mwen pa ka di pesonn pou pase akote reyalite piblikasyon y ap fe, sitou si sa riske poze yon pwoblem etik. Men m panse le nou nan sitiyasyon sa yo se yon okazyon pou fe prev kreyativite. Pa egzanp, si m ta anvi pataje enfomasyon konsenan yon moun ensekirite pote ale, olye m pataje imaj li k ap benyen nan san l, m ap itilize yon lot imaj ki ka petet toujou senbolize lanmo a, men ki p ap gen telman vyolans kle ladan. 

Sipote mouvman an pou yon lot imaj Ayiti sou web la 

Sa mwen sot eksplike yo se toket la. Men chay la p ap lou si se nou tout ki deside pote l ansanm. Nan efo pou ranfose prezans Ayiti ak ayisyen sou web la, anndan Ayisyen.net mwen prevwa fe retire sou web la tout resous degradan konsenan Ayiti ak ayisyen ke m ap ka fe retire. Sa posib e gen metod pou sa. Mwen prevwa tou ankouraje itilizasyon ayisyen kom lang piblikasyon sou web la. Pou sa mwen komanse fe demach konstitiye yon ekip tradikte pou ede m tradui WordPress an ayisyen e fe ajoute ayisyen nan lis lang WordPress sipote yo. 

WordPress se teknoloji ki pi popile sou web la nan zafe kreye sit web. Plis pase 40% sit entenet fet ak WordPress. Se li yo itilize pou kreye sit Harvard University, New-York Times, The Walt Disney Company, ak Sony Music, pou site sa yo selman. Se li tou mwen itilize pou kreye Ayisyen.net ak plizye lot sit mwen kreye pou kliyan m bay konsiltasyon. E lide pou tradui WordPress vini apre m te fin rann mwen kont lang ayisyen an pa t disponib nan lis lang WordPress sipote pandan m t ap kreye Ayisyen.net. An pasan si w pale engle ak ayisyen, e si w anvi fe volontarya nan benefis ranfoseman lang lan tanpri kontakte m. Mwen prevwa tou lansaman yon kou k ap aprann ou koman kreye yon sit web e byen itilize rezo sosyal yo nan benefis sa k bon pou ou ak Ayiti. Abone a enfolet la pou w ka pami premye moun ki enfome yo le kou an ap lanse. 

Kontribisyon sa yo mande anpil resous e se poukont mwen m ye pou konnya. Kidonk mwen envite kolabore ave m si sa enterese w. E yonn nan premye efo w ka fe pou sipote sa k ap fet lan se pataje dokiman sa a bay pwoch ou ak tout lot moun ou panse sa ka enterese e ki ap byen kontan pote sipo pa yo menm jan ave w. 

Pou m fini 

Sa te ka yon pwoje leta ayisyen pou mete an plas yon bon komisyon pou travay sou repitasyon Ayiti sou web la, nan montre kiyes nou ye e ki efo nou fe pou bay jaret a demokrasi, pa egzanp. Yon pwoje konsa te ka enplike, pami plizye lot anko: 

  • Sipevizyon Laprezidans osnon Primati, 
  • Ministe komes ak Ministe finans pou defann vole envestisman etranje nan peyi an paske yon envestise ki sousye pou envestisman l p ap two motive envesti yon kote 90% enfomasyon ki konsene l sou web la di l pa met pye kote konsa; 
  • Ministe Touris paske touris pa depanse lajan pou al fe sejou nan salte ak ensekirite; 
  • Ministe afe etranje tou, paske patene entenasyonal yo bezwen gen konfyans nan nou pou negosye ak fe ako avek nou.
Ayisyen.net
Show full profile Ayisyen.net

Ayisyen.net se yon pwoje pou fe pwomosyon lang, kilti, istwa ak vale ayisyen. Se premye platfom pou fe pwomosyon ayisyen 100%, e se David Celestin ki lanse li. David Celestin se yon diplomat, antreprene ak kreyate, diplome nan Dwa, Filozofi ak Syans Politik, epi Jesyon. Ou ka jwenn plis detay konsenan David Celestin sou sit pesonel li DAVIDCELESTIN.COM.

N ap byen kontan konnen kisa w panse

Leave a reply

Ou ka suiv Ayisyen.net sou


Abone a enfolet lanMete pi bon imel adres ou a epi klike sou abone pou w pa rate kado, dil ak nouvel yo.

Fom abonman enfolet
Mesi paske w dako kondisyon itilizasyon yo.

Ayisyen.net
Pwomosyon Ayiti ak Ayisyen!
Apwopo · Kontak · Kondisyon itilizasyon · Plan sit la
Sitweb sa a itilize kouki pou kolekte done vizite yo tankou adres IP, ak enfomasyon navigate pou ede pwoteje kont spam ak pou fasilite yon meye eksperyans itilizate. Kontni entegre nan lot sit yo ka kolekte done itilizate yo tou. Done yo ka estoke endefiniman, men itilizate yo ka jwenn akse pou modifye, efase, oswa mande done yo. Depi w itilize sitweb sa a ou dako kondisyon itilizasyon yo.
Dizay: David Celestin Studiolab.
© Ayisyen.net, 2024.
Ayisyen.net
Logo
Register New Account
TANPRI KONEKTE POU YON MEYE EKSPERYANS
Compare items
  • Total (0)
Compare
Shopping cart