Kilti ak relijyon nan konstitisyon Ayiti yo (1950, 1957 ak 1987)
Abone a enfolet lanMete pi bon imel adres ou a epi klike sou abone pou w pa rate kado, dil ak nouvel yo.
Konstitisyon an se alafwa yon materyalizasyon ak yon fiksyon. Le l reprezante ekspresyon yon volonte nou swadizan genyen ansanm pou n oganize lavi n ap pataje ansanm, yonn akote lot la, li tounen yon ideyal ki gide aksyon n ap poze yo. Se pou menm rezon sa tou li souvan tante preskri koman pou fome enstitisyon piblik nou jije ki itil yo ak fason yo dwe fonksyone. Pami enstitisyon sa yo genyen kilti ak relijyon. Sa mennen a yon grenn kesyon nou pa souva poze: koman konstitisyon Ayiti yo we kilti ak relijyon? E se egzakteman sa n pral we nan dokiman sa a. Pou n fe sa n ap mete fokis sou konstitisyon 1950, 1957 ak 1987 la.
1950: yon senp masyon
Nan konstitisyon 1950 lan gen yon senp mansyon nosyon kilti a ki fet. Konstitiyan an evoke l kom yon kategori aktivite ki ka benefisye ayisyen yo. Men kisa ekri:
Nou menm, manb Asanble konstitiyant la, eli 9 oktob 1950 pou bay Pep ayisyen an yon konstitisyon demokratik ki garanti dwa yo ak libete l yo, nou reyini nan vil Gonayiv, soti 3 pou rive 25 Novanm 1950, e nou vote yon Konstitisyon:
Ki […] pwokire l benefis libete ak kilti a tout ayisyen san distenksyon.
Konstitisyon 1950 peyi Ayiti
Pita, nan atik 20 an, menm konstitisyon sa a di: “tout relijyon e tout kilt rekoni an Ayiti yo lib”, sa ki lese a chak moun “dwa pou yo pwofese relijyon li, egzese kilt li, depi sa pa twouble lod piblik”, Men nou p ap bliye tou relijyon katolik la te benefisye yon sitiyasyon espesyal akoz konkoda a nan epok lan (men sa se yon sije pou yon lot dokiman).
1957: kontinite konstitisyon 1950 lan
Nan preyanbil li, konstitisyon 1957 la fe menm konsiderasyon konstitisyon 1950 lan te fe yo. Kilti, osnon devlopman kilti an Ayiti konsidere kom yonn nan rezon ki fe konstitisyon 1957 la te nesese. Nan atik 5 lan gen yon ti diplis. Li mansyone kilti a se responsabilite leta a: leta ayisyen gen pou obligasyon pou l asire kilti a tout sitwayen ayisyen. Nan menm lojik la, pou pran swen entere kiltirel yo, menm konstitisyon sa a te prevwa etablisman yon seri Konsey teknik ak administratif nan chak sikonskripsyon prefektoral yo nan epok la.
Genyen aksan ki mete sou responsabilizasyon leta a nan koze kilti sitou nan atik 166 rive nan atik 170 yo kote li mansyone, e n ap rezime: kilti an se yon fen primodyal, yon atribisyon esansyel Leta a ki gen pou devwa oganize sistem edikatif la epi kreye oganis ak sevis ki nesese pou ranfose kilti nasyonal peyi Ayiti.
Li enpotan pou n note: nan elan l pou l pou restriktire kilti ak relijyon nan lavi ayisyen, Konstitisyon 1957 la se premye Konstitisyon an Ayiti ki te ensiste ak yon tandans asyonalis nan jesyon kilti nan peyi a. Se sa k fe tou pa egzanp nan atik 169 li li masyone “anseyman istwa, geyografi nasyonal, moral sivik ak konstitisyon an dwe fet ak pwofese ayisyen.
1987: sa ta ka miyo
Kostitisyon 1987 la pa rekonsidere kilti ak relijyon avek menm ensistans osnon enpotans tankou konstitisyon 1957 la te fe. Men li lese degaje yon entere pou libete relijyon ak kilt. Dapre konstitisyon sa a tout moun ka egzese relijyon ak kilt yo vle:
- Depi relijyon ak kilt la gen rekonesans legal na peyi a;
- Depi egzesis li pa twouble lod ak lape piblik;
- Depi se pa yon relijyon moun fose lot moun egzese.
Lot konsiderasyon espesyal konstitisyon 1987 lan fe konsene lang. Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta ayisyen kreye yon akademi pou kore devlopman lang lan li mansyone anba apelasyon “kreyòl”.
Pou fini
Nou ka remake gen yon similarite ant Konstitisyon 1950, 1957 ak 1987 la: nan yo tout net preyanbil yo akode menm sans ak preske menm nivo enpotans a koze kilti ak relijyon. Men nou p ap bliye ant yo twa a kek atik ki konsakre a koze kilti ak relijyon yo pemet nou we ge pou pi piti twa moman enpotan:
- Responsabilite leta a nan kondisyonman ak enstitisyonalizayon pratik kiltirel a relijye yo;
- Nasyonalizasyon ak sistematizasyon kilti nan peyi a;
- Liberalizasyon pratik kiltirel ak relijye yo;
- Rekonesans ak ankourajman lang Ayisyen an anba non Kreyol.
Men yon kesyon enpotan ki merite poze: pouki lang ayisyen en pa konsakre kom lang prensipal administrasyon leta a jis konnya nan ane 2024 la, apre 220 ane kreyasyon pep ayisyen an?