Ayisyen.net - Pwomosyon Ayiti ak Ayisyen!

Abone a enfolet lanMete pi bon imel adres ou a epi klike sou abone pou w pa rate kado, dil ak nouvel yo.

Fom abonman enfolet
Mesi paske w dako kondisyon itilizasyon yo.

0

Ayisyen lage nan pono, aza ak lot distraksyon. Eske se vre?

Abone a enfolet lanMete pi bon imel adres ou a epi klike sou abone pou w pa rate kado, dil ak nouvel yo.

Fom abonman enfolet
Mesi paske w dako kondisyon itilizasyon yo.

Ayisyen lage nan pono, aza, ak lot distraksyon sou entenet la, eske se vre? Se petet pa premye fwa w tande moun di jenes la chak jou k pase ak enterese yo plis ak aktivite ki ap pouse yo pi lwen objektif evolisyon pwofesyonel ak pesonel epi pwogre finansye. Pesonelman m remake gen anpil bagay ki te ka miyo pou konpatriyot mwen yo men, sa toujou enterese m pou m verifye sa m ka verifye avan m pran pozisyon. 

Poukisa entenet la, e poukisa se enpotan?

Yonn nan kritik mwen souvan tande ayisyen fe sou ayisyen parey yo konsene sa yo regle sou etenet la. Gen moun ki di ayisyen itilize entenet la kom yon mwayen selman pou cheche zen, kontni griyen dan ak lot bagay ki pa toujou itil yo anyen vre. 

Nan sa ki konsene m, mwen te deside cheche konprann kisa ayisyen cheche plis sou entenet la, yon mannye pou m konfime osnon demanti sa kek moun ta ka rele ipotez negatif sa a konsasenan sa ayisyen plis regle anliy. Men, menm jan m konnen w ka ap kesyone tet ou: poukisa entenet la, e poukisa yon diskisyon konsa enpotan? An n reponn kesyon sa a tousuit. 

Anviwon 15 ane selman apre envansyon entenet, li te gentan vin aksesib ak popile. Rive nan komansman ane 2000 entenet lan te gentan yon fenomen byen etabli. Nan ane 2023 a selman gen done ki montre yon moun ki nan laj pou travay te pase anviwon 6 e tan ak 30 minit1 nan jounen l, ap itilize entenet. Pou rive nan komansman 2024 la li menm se plis pase 5 milya 350 milyon moun nan tout mond lan k ap itilize entenet, dapre Statista.com2. E menm moun ki pa direkteman al sou entenet yo, nan yon sans osnon nan yon lot, itilize omwen yon sevis ki te rive posib gras a entenet. Sa vle di, jan nou renmen di l la, pa gen deba sou sa, entenet la tounen yon pyes enpotan nan lavi tout moun, kidonk nan lavi ayisyen tou. 

Metodoloji ak limit rechech la

Sa gen kek tan depi m te anvi fe travay rechech sou fason ayisyen itilize entenet la men se pandan m ap travay sou pwoje Ayisyen.net la m tou pwofite reyalize l. 

Nan komansman ane 2024 la, apre m te fin deside konsantre m ou m lanse Ayisyen.net, mwen te deside pase a dezyem etap pwoje a: fe yon lis sije pou m ka komanse kreye kontni. Men, mwen te toujou gen nan lespri m pou m konsidere teknik referansman natirel yo nan pwosesis kreyasyon kontni yo, pou m ka kreye kontni konsenan sije ki vreman enterese moun k ap cheche enfomasyon sou entenet la, olye pou m ta kreye kontni lide m ta di m kreye. Akoz tout sa mwen te deside konsidere bon jan done, e pi souvan se sou baz done sa yo mwen chwazi ki sije pou m trete. 

Rapidman, pou moun ki pa konnen yo, teknik referansman natirel yo se yon seri teknik espesyalis nan maketing sou entenet tankou m yo (sa kek moun rele webmakete yo), itilize pou pemet se paj ki sou sitweb pa yo ki paret nan pi meye pozisyon posib la nan lis paj rezilta rechech yo sou mote rechech yo, pou mo kle ki anterese yo a, san peye piblisite pou sa. Pou w konprann plis ou ka al konsilte dokiman m te pwodui sou fason nou ka chanje imaj Ayiti sou entenet la, paske nan dokiman sa a mwen bay kek detay sou fason entenet la fonksyone. 

Pou m fe lis sije yo mwen te fikse yon seri krite. Pami yo: 

  • Fok sije a enpotan pou Ayiti ak ayisyen; 
  • Fok se yon sije ayisyen cheche anpil sou entenet la, men ki pa gen ase kontni bon kalite ki kreye sou li (pou m di l yon lot fason, fok se yon sije ak anpil demand, men san twop konpetisyon); 
  • Fok pi fo nan moun ki cheche enfomasyon konsenan sije a sou entenet la fe sa pandan yo Ayiti. 

Chak grenn nan krite sa yo gen yon rezon deye yo, men detay sa yo se pou yon lot dokiman konsenan meye fason pou itilize teknik referansman yo le w ap pwodui kontni pou entenet la. 

Apre m te fin defini krite yo m te pran desizyon pou m cheche sije sa yo e fe yon lis. Men, pou m fe sa m te oblije itilize zouti ki deja la pou sa, pou m ka ale pi vit. Pami sa ki pi popile nan zouti referansman natirel yo m te deside itilize 2 ansanm pou plis done: SEM Rush ak Ahrefs. 

Eleman esansyel metod la se itilize zouti referansman sa yo pou checke ki sit ayisyen vizite plis ak ki mo kle yo plis itilize pou navige sou entenet la. Rezon an senp: done yo ap bay, san pati pri enfomasyon sou kisa ayisyen regle sou entenet la paske y ap pemet nou konprann kisa yo cheche ak vizite plis anliy. 

Li posib pou cheche epi enteprete done pou chak sitweb kote ayisyen ale yonn apre lot. Men gen anviwon 1 milya 600 milyon sit entenet nan mond lan3, e n p ap bliye gen yon nouvo sitweb ki kreye nan mond lan anviwon chak 3 segonn4. E menm si gen anpil nan yo ki pa aktif, se t ap yon travay preske enposib ou m ta analize sa ki aktif yo yonn apre lot. Menm limit sa a valab pou mo kle yo. Akoz jan entenet la vin popile, nenpot kesyon yon moun genyen li jis cheche repons li anliy. E sa vin lakoz kantite mo kle moun cheche sou entenet yo anpil. 

Nan yon premye tan m te deside enterese m a 10 sitweb ayisyen itilize plis ak 10 mo kle yo cheche plis sou entenet la. Men rapidman m te rann mwen kont kantite sa yo manke reprezantatif, paske yo two piti. Sa te fe m pran desizyon itilize kad top 100: 100 sitweb ayisyen plis vizite yo ak 100 mo kle yo plis itilize ou fe rechech sou entenet la. 

Lot eleman ki enpotan pou nou note: le m mansyone ayisyen, mwen vle pale de sila yo ki ap viv ayiti paske metod mwen te sitou enplike krite jeyografik, se rechech moun fe pandan yo Ayiti mwen konsidere paske l difisil anpil pou cheche enfomasyon sou fason ayisyen ki ap viv nan lot peyi itilize entenet. Yon rechech sou sa mande yon lot travay pou li espesyalman. 

Rezilta rechech la

Dapre statitia.com5, se pa tout moun ki itilize entenet la sitou nan fen 2023 a pa egzanp ki te fe l pou menm rezon. Repatisyon an pati konsa pou tout mond lan: 

  • 60.9% pou cheche enfomasyon; 
  • 56.6% pou rete an kontak an zanmi ak fanmi; 
  • 52.3% pou gade videyo, cho televize ak fim; 
  • 51.9% pou pran nouvel; 
  • 49.4% pou aprann yon konpetans; 
  • 46.1% pou cheche lide ak enspirasyon; 
  • 45.1% pou pou koute mizik; 
  • 43.7% pou cheche pwodui ak mak enteresan; 
  • 42.6% pou jis pase tan epi chase annui nan flannen sou entenet la; 
  • 38.8% pou fe rechech pou konplete edikasyon; 
  • 37.9% pou cheche zon ak adres yo epi lot enfomasyon pou vizite yo; 
  • 35.2% pou cheche enfomasyon konsenan pwoblem sante; 
  • 34.2% pou cheche enfomasyon konsenan finans ak mwayen pou fe ekonomi; 
  • 29.9% pou fe rechech konsenan biznis; 
  • 29.3% pou fe rechech konsenan tout kalite jwet moun ka jwe sitou anliy. 

Done sa yo reflete nan lis mo kle moun te plis cheche nan ane 2023 a, dapre SEMRush6. Lis sa a gen plis ladan non yon seri sevis ak zouti pou navige entenet la, kominike, gade video ak koute mizik, enfome sou sa k ap pase, cheche metrize konpetans, elatriye. 

Eske sa diferan pou ayisyen? Se sa n pral we konnya. 

Rapo ayisyen ak entenet la

Ayisyen, menm jan ak nenpot lot moun itilize entenet la pou aksede a enfomasyon osnon zouti ki enterese yo. Sa vle di, pou n konprann sa espesyalman aysyen enterese nou ka itilize done ki disponib konsenan sa li cheche, mo kle yo itilize ak zouti yo itilize anliy. 

Lis sitweb ki pi popile Ayiti

Rech yo pemet mwen dekouvri yon lis sitweb ayisyen plis itilize an Ayiti:

www semrush com trending websites ht all copy
Lis sit ki pi popile ayiti dapre SEMRush

Tablo sa a prezante nou yon paket enfomasyon enpotan. Nan premye kolonn lan nou gen lis siweb moun plis vizite Ayiti yo, nan dezyem kolonn lan nou gen kantite vizit sit yo resevwa, twazyem kolon lan se pou pousantaj ak kantite moun ki vizite atrave odinate yo, nan katriyem kolon lan nou gen pousantaj ak kantite moun ki vizite atrave telefon yo, epi denye kolon lan gen lis sous trafik yo. Li enpotan pou m di w genyen pou piti 3 sous trafik:

  • Yo pale de trafik direk le se itilizate a ki al sout sit la direk, e gen anviwon 73% nan sit sa yo se direk nou klike ale sou yo;
  • Yo pale de trafik refere le itilizate an al sou sit la paske yon lot lyen te refere l li, e gen anviwon 20% nan sit sa yo se yon lot lyen ki refere n yo;
  • Yo pale de trafik rechech le itilizate a al ateri sou sit la apre l te fin cheche sou mote rechech yo enfomasyon ki mennen l sou sit la, e gen anviwon 7% nan sit sa yo se nou ateri sou yo apre nou fin itilize mo kle pou cheche enfomasyon.

Nou ka ranje sitweb sa yo an plizye kategori:

  • Mote rechech (Google, Bing, Yahoo);
  • Rezo sosyal (Facebook, WhatsApp, Instagram, Twitter, LinkedIn, Reddit);
  • Jwet aza ak paryaj (Paryajlakay, World of Tanks);
  • Amizman videyo (Youtube, Netflix, XNXX, Xvideos, Pornhub, French-Stream, French-stream, AnimeCat, Manga-Scantrad);
  • Sevis leta (mg.gov.br, prodemge.gov.br, fazenda.gov.br, uscis.gov, ba.gov.br, serpro.gov.br);
  • Lojisyel/teknoloji (Microsoft, GitHub, OpenAI, Atlassian, Canva, BibleGateway);
  • Edikasyon ak enfomasyon (Wikipedia, CoinMarketCap, The Learning Odyssey, Stack Overflow, Curso em Video, FootMercato);
  • Acha pwodui (Amazon, Mercado Livre, Shein, Apple, AliExpress).

Sou 100 sit moun vizite plis Ayiti yo genyen Google ki nan premye plas. Se yon mote rechech: le w ale sou Google, premye sa w fe se cheche. Men kisa moun Ayiti cheche plis sou de platfom sa a? Pou n jwenn repons kesyon sa a n ap oblije refere nou a yon lis mo kle yo plis itilize pou fe rechech sou li.

Lis mo kle ayisyen plis cheche

Pou komansman ane 2024 la men yon lis mo kle pami mo kle moun Ayiti te cheche plis sou entenet la. Yo tou nan lod sot nan sa moun plis cheche pou al nan sa moun mwens cheche: Météo demain, aza, bel paryaj, cqr, tiraj georgia, tiraj florida, loterias dominicanas, tiraj rapid florida, french stream, tiraj rapid, borlette florida, mp3 juice, torrent9, tiraj rapid georgia, tukif, cqrcqr, lesly center, loteria dominicana, score808, whatsapp plus, wiflix, whatsapp fm, vnrom, panno, fm whatsapp, bolet florida, whatsapp gb 2023, score 808.com, snaptik, xvideos, xvideo, belparyaj, bolet georgia, rezilta bolet florida, cqr plateforme, flash film hd apk, tiraj rapid florida midi, tirage rapide, tiraj rapid florida soir aujourd’hui, georgia borlette, lotterie new york florida, haitian pie, lotería florida noche, gb whatsapp dernière version, retro 4, borlette florida haiti, scan manga, retro 11, 1xbet, tiraj florida midi, loteria dominicanas, whatsapp gb 22, tirage florida midi aujourd’hui, tiraj rapid florida midi aujourd’hui, tubidy mp3, code postal haiti, anime sama, tiraj rapid georgia midi, cinemay, florida midi, volkan casino, porn hub, tiraj florida swa, lottery new york midi, bolet, tirage florida soir, tirage rapide florida, french streaming, juice mp3, département de la sécurité intérieure des états-unis, lottery new york jodia, barcelona – inter, bolet new york, tiraj rapid florida soir, loteria nacional dominicana, ns whatsapp, rezilta bolet georgia, message d’anniversaire, cqrcqr.com, cqrcqr com, xhamster, tiraj florida midi 30, xender apk, tubidy music mp3, rezilta bòlèt new york soir, frenchstream, bonne nuit mon amour, whatsapp fm download, novaflix, psaume 51, borlette florida haiti aujourd’hui, tirage borlette new york, mb whatsapp, bolet florida midi, admission ueh, tiraj florida rapid, king lottery, souhait d’anniversaire, frp vnrom, voir film hd.

La a nou gen anviwon yon santen mo kle e yo ka ba w yon ide konsenan kisa ayisyen cheche plis sou Google.

Finalman: ayisyen plis itilize entenet la pou fe kisa?

Nou sot we sa ansanm: ayisyen itilize entenet lan pou plizye rezon. Pami yo, cheche enfomasyon tankou nouvel, repons a kesyon yo genyen epi aprann. Yo itilize l tou pou konekte ak kominike ak lot moun, achte ak itilize plizye pwodui ak sevis enliy. Men li enpotan kanmenm pou n note gen yon paket repetisyon mo kle ki gen rapo ak ponografi, aza ak lot eleman amizman. Pa egzanm gen anpil fwa yo itilize mo kle ki se non sit ponografik, osnon ki konsene enfomasyon sou denye tiraj bolet ak paryaj tout lot kalite tankou paryaj sou rezilta match foutbol, avek sit kote moun ka gade fim gratis tou.

Eske sa sifi pou nou di ayisyen lage nan pono, aza ak lot distraksyon? Pesonelman mwen pa panse sa. Men sa nou jwenn nan rezilta yo pwouve gen yon bon kantite ayisyen ki enterese ak gade fim pono, jwe aza ak lot jwet epi gade fim ki soti sou sit entenet ki pibliye yo gratis. Men fo m raple nou done sa yo mwen itilize yo ka chanje chak mwa, e chanjman an ap depann kisa moun Ayiti cheche pandan chak peryod. Pou enfomasyon ki konsene lis sit moun plis vizite Ayiti yo ou ka ale sou SEMRush, osnon Ahrefs pou lis mo kle yo plis itilize yo.


  1. Simon Kemp, Digital 2023 deep-dive: understanding the decline in time spent online. Datareportal.com: https://datareportal.com/reports/digital-2023-deep-dive-time-spent-online. ↩︎
  2. Ani Petrosyan, Worldwide digital population 2024. Statista.com: https://www.statista.com/statistics/617136/digital-population-worldwide. ↩︎
  3. Internetlivestats.com, Total number of websites. Internetlivestats.com: https://www.internetlivestats.com/total-number-of-websites. 
    ↩︎
  4. Katherine Haan, Top website statistics for 2023. Forbes.com: https://www.forbes.com/advisor/business/software/website-statistics. 
    ↩︎
  5. Ani Petrosyan, Most popular reasons for using the internet worldwide as of 3rd quarter 2023, Statistia.com: https://www.statista.com/statistics/1387375/internet-using-global-reasons. 
    ↩︎
  6. Valeria Voitsekhovskaia, Most searched thing on Google: top Google search in 2023. SEMRush.com: https://www.semrush.com/blog/most-searched-keywords-google. 
    ↩︎
Ayisyen.net
Show full profile Ayisyen.net

Ayisyen.net se yon pwoje pou fe pwomosyon lang, kilti, istwa ak vale ayisyen. Se premye platfom pou fe pwomosyon ayisyen 100%, e se David Celestin ki lanse li. David Celestin se yon diplomat, antreprene ak kreyate, diplome nan Dwa, Filozofi ak Syans Politik, epi Jesyon. Ou ka jwenn plis detay konsenan David Celestin sou sit pesonel li DAVIDCELESTIN.COM.

N ap byen kontan konnen kisa w panse

Leave a reply

Ou ka suiv Ayisyen.net sou


Abone a enfolet lanMete pi bon imel adres ou a epi klike sou abone pou w pa rate kado, dil ak nouvel yo.

Fom abonman enfolet
Mesi paske w dako kondisyon itilizasyon yo.

Ayisyen.net
Pwomosyon Ayiti ak Ayisyen!
Apwopo · Kontak · Kondisyon itilizasyon · Plan sit la
Sitweb sa a itilize kouki pou kolekte done vizite yo tankou adres IP, ak enfomasyon navigate pou ede pwoteje kont spam ak pou fasilite yon meye eksperyans itilizate. Kontni entegre nan lot sit yo ka kolekte done itilizate yo tou. Done yo ka estoke endefiniman, men itilizate yo ka jwenn akse pou modifye, efase, oswa mande done yo. Depi w itilize sitweb sa a ou dako kondisyon itilizasyon yo.
Dizay: David Celestin Studiolab.
© Ayisyen.net, 2024.
Ayisyen.net
Logo
Register New Account
TANPRI KONEKTE POU YON MEYE EKSPERYANS
Compare items
  • Total (0)
Compare
Shopping cart